AYITI/BILAN: 24 TRÈ APRE BANDI YO MET PYE YO ATÈ MEN KIJAN SA YE.

Pòtoprens leve jou ki te jedi 29 fevriye 2024 la anba anpil kout bal nan prèske tout kwen anndan peyi a, yon sityasyon pèsòn pat konprann sa ki te ap pase, tout moun te oblije ap kouri nan tout sans pou yo pa te viktim.

Nan mitan jounen an jedi a, Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non « Babekyou » nan yon konferans pou laprès ta pral revandike sa ki ap fèt la li fè konnen se yo menm ki ap frape nan non « viv ansanm », li mande lapolis pou rejwenn yo nan batay la, pandan bandi yo te gentan atake yon pòs polis nan zòn pòtay, kout bal tap pete pou pran ti pòs polis Bon repo a.

Bilan pye atè sa fè anpil dega nan mwens ke 24trè twa (3) komisarya boule(Pòtay, Bonrepo,Dèlma 3), plizyè polisye mouri, plis pase yon trantèn moun nan popilasyon an pran bal, biwo ONA ki nan zòn Chada Sakaje e boule, fakilte agwonomi nan plèn nan sakaje, biwo OAVCT nan Taba sakaje e boule, siyal telefòn pa pase, avyon pran bal nan èpòt la, anpil moum oblije ap kouri kite zòn yo, selon enfo nou rive jwenn biwo EDH nan Dèlma ta sakaje.

Bandi yo anonse mouvman sa se pou libere peyi anba men mouche Ariel ak tout moun ki mete peyi a kote li ye a la jounen jodi a.

Nou ap fè ou konnen nan mouvman liberasyon sa bandi yo anonse a, tout viktim yo se nan kan popilasyon an yo soti.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …