AYITI/ESPÒ: « Centre Promotion Sportive de la Jeunesse » lanse nan komin Jeremi yon gwo chanpyona foutbòl fanm.

« Centre de Promotion Sportive de la Jeunesse » deside òganize nan komin Jeremi yon gwo chanpyona foutbòl fanm ki pote non « Liga Lakay ».

Nan yon ti bat bouch ak prezidan estrikti sa, Monace Hernandes St Preux jounen samdi 30 mas 2024 la fè konnen estrikti sila gen twa (3) lane depi yo egziste nan komin Jeremi e se pa premye aktivite yo ap òganize.

Selon prezidan an « Liga Lakay » ap demare vandredi 5 avril 2024 ki ap vini la, 6 ekip pral twoke kòn yo sou twa (3) teren. Ekip ki chanpyon nan match ale yo ap resevwa 50 mil goud, ekip chanpyon nan match retou a ap resevwa 50 mil goud ak yon koup, ekip ki ap dezyèm nan bò kote pa yo ap resevwa yo menm 25 mil goud, ap gen prim pou fanm ki fè plis gòl la ak fi ki bay plis pas gòl la.

Nou ap fè ou konnen wap jwenn afich ak rezilta tout match yo sou tout plat fòm Echojounal yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …