AYITI/POLITIK: « SE MWEN KI POU KÒMANDE » METE KONSÈY TRANZISYON 9 MANM NAN NAN GWO CHIRE PIT.

Nan konfli ki gen nan konsèy tranzisyon 9 manm lan majorite nan konseye yo vle fè yon ti kout prezidan konsèy la, yo chak vle se yo ki pou kòmande se sa ki koz apre yo te antann yo pou deziye Edgard Leblanc kòm prezidan, yo kanpe anplas, mache pale anpil nan laprès.

Selon enfo yo apre @EdgardLeblanc nou ta dwe jwenn Fritz Alphonse Jean, Leslie Voltaire ak Louis Gerald Gille kòm prezidan konsèy la, sa ki pat janm di avan, yo gentan antann yo pou se konsa sa fèt, kesyon anpil moun ap poze èske chak nan yo ki moute pral genyon premye minis pandan nou konnen yo genyon manda de (2) lane pou mete peyi a sou ray, retabli sekirite, òganize eleksyon pou site sa yo.

Yo gen pou yo fè yon dènye chita pale pou yo kapab deside kijan youn ap gen pou ranplase lòt, yon nouvo pwen ki pa te janm nan akò ki moute konsèy la.

Pandan manm konsèy yo ap goumen pou pouvwa sityasyon an ap konplike de jou an pou popilasyon an, ensekirite, lekòl pa ka ouvri, sezon siklòn ap mache, lopital ap fèmen pòt yo pou site sa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …