AYITI MANIFESTASYON: PLIZYÈ MILYE MOUN MANIFESTE AYÈ POU MANDE PREZIDAN REPIBLIK LA RACHE MANYÒK LI.

Sou demand Plizyè Sektè nan Opozisyon an, Plizyè Milye Moun Pran Lari ayè jedi 7 fevriye 2019 la pou Egzije Depa Président Jovenel Moïse Ak Tout Ekip li.

Manifestasyon sa  ki te gen Divès Tèt ta pral fè yon sèl Sou otwo wout Delma a. Manifestan sa yo kite montre Yo trè Fache kont Pouvwa Anplas la, pat manke lanse Anpil pawòl Piman Bouk kont Gouvènman Moïse/Ceant an, Pandan Tou pakou yo.
Protèstatè yo ki Tap Tante boule 2 pomp Gaz Nan Petyon Vil, pat Gentan Mete dife Gras ak vijilans Fòs de Lòd yo.

Lidè Pati Pitit Dasalin lan, Salye Mobilizasyon an ki Reprann nan Tout Peyi a, Moïse Jean Charles, Kwè Yon Lòt Revolisyon Posib ki pou Chabande Sistèm sa Pou Mete peyi a Sou yon Lot Ray.

André Michel, Pòt pawòl Di Sektè Demokratik popilè a, Klarifye Jounen Mobilizasyon sa Nan Tout Peyi de Yon Reyisit Total. Egzije Depa Chèf Leta a San Kondisyon pou Evite Peyi a Tonbe Nan Kawo.

Obenson Joseph, Youn nan Moun Kap Sipòte Mouvman PetroChallange lan, mande Ak lajistis pou Arete Tout Moun ki Endekse Nan Rapò Petrokaribe a,Selon Mesye Obenson Li pa Posib pou yon ti Gwoup Moun manje yon lajan kite la pou fè devlopman Nan peyi a, Gaspiye Pandan Majorite Popilasyon an Rete nan Mizè.

Nan Yon bilan Pasyèl Pòt pawòl lapolis Bay Radyo Vision2000, Fòs de Lòd Fè 13 Arestasyon, Yon Machin Lapolis Andomaje,2 Lòt boule nan Petyon vil.

Souffrant Guerking

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …