AYITI KRIZ: NÈF (9) JOU DEPI PÈP AYISYEN KI NAN PI FÒ PEYI A, AP MONTE YON KALVÈ PA DO.

Depi 7 fevriye 2019  sitiyasyon peyi a ap konfwonte rete anmè nan gou bouch majorite Ayisyen , pèp la fache, tansyon yo monte, yo pran lari bloke anwo kou anba pou manifeste kont lavi chè, epi mande depa prezidan Repiblik la. Yon sitiyasyon ki vin lakoz si la ki te deja pa’t gen mwayen Ekonomik pou viv yo vin pi grav paske ni labank, mache piblik ,Makèt, bwat leta yo, ak anpil lòt kote pèp Ayisyen konn al chèche lavi pou viv chak jou pa Fonksyone, sa ki eseye yo se anba anpil kè sote epi pa menm pran yon bon 3zè detan pou kouri fèmen pòt yo paske pi fò kote se biznis k’ap piye, biznis k’ap boule wòch k’ap tire pou kraze vit biznis , kawoutchou k’ap boule, yon fenomèn ki vin lakoz tout antreprenè pa manifeste volonte pou Fonksyone nan jan sa te konn ye.

selon konsta yo
Tout po kase sa yo tonbe sou do sèl moun ki pagen mwayen yo , moun ki nan lamas yo, moun se jodi ki fè pou jodi demen fè pou demen yo, paske se yon menm ki pa ka jwenn Dlo pou Benyen ,Dlo pou fè manje, Dlo trete pou bwè, San konte tout pwodwi premye nesesite yo ki te deja pa’t bon mache, men nèf (9) jou depi peyi a bloke lakoz tout pwodwi sa yo monte tèt nèg ,e malgre sa ou ka gen kòb la ou pa ka jwenn yo achte.

selon anpil S.O.S sal redaksyon ECHOJOUNAL la resevwa nan men moun ki toupatou nan kapital la ,
Pou Chode yon grenn Manje pi fò kote moun yo pa ka jwenn Gaz pwopàn ak Chabon achte, San konte moun k’ap malad ki pa ka jwenn medikaman achte epi lopital piblik yo kite deja t’ap mache bwate vin pi kokobe nan moman peyi lòk sa.

Sitiyasyon sa yo ki mete popilasyon an san souf , nan tout estasyon Radyo yo pajanm Sispann rele pou mande otorite yo tande vwa yo yon fason pou ta eseye rezoud kèk nan pwoblèm y’ap fè fas depi lontan sa.

+50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …