NOUVÈL LÒT BÒ DLO: PLIZYÈ MOUN MOURI NAN YON FIZIYAD NAN AURORA TOU PRÈ CHICAGO.

Pou pi piti (5) moun mouri e plizyè lot blese nan yon fiziyad. Sa pase nan Aurora, zòn Chicago ayè vandredi 15 fevriye an, nan lannwit.

Nan aprè midi, tout chèn televizyon amerikèn yo tap bay menm enfòmasyon, yon dizèn machin polis konsantre nan zòn fiziyad la, te fèt lan. Sa rive souvan. Fwa sa a evènman trajik sa a rive nan yon yon antrepriz nan Aurora (Chicago).

Yon neg 45 lane antre andan antrepriz lan epi kòmanse tirè san vize okenn moun. Plizyè ofisye te tante pou opoze, yo tout blese. Tirè a kontinye ap tire avèk polisye yo, aprè li pwal mouri nan afwontman ak fòs polis yo.

<< se wont, pou krim vin kouran nan peyi an konsa >> deklare majistra vil lan.

Avan nouvo masak a zam sa a, chèf majorite demokrat yo te di prezidan an ameriken an  » ijans nasyonal la se pa sitiyasyon nan fwontyè a » deklare Nancy pelosi  » se yon epidemi vyolans ame kap fè raj nan peyi an  »

Fiziyad sa a rive (1) an e (1) jou aprè fiziyad Parkland lan, nan Floride ki te fè (17) mò.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …