AYITI/SENDOMENG/GAZ: SOLDA LAME DOMINIKEN YO NAN TOUT PONP REPIBLIK DOMINIKÈN AKOZ MOUN PA BÒ ISI PA KA JWENN GAZ.

Otorite nan peyi Sendomeng deplwaye solda yo nan divès ponp nan peyi yo depi  ayè dimanch 17 fevriye 2019 la akoz ratman gaz ki genyen nan peyi Dayiti sitou nan depatnò a akoz mouvman latwoublay ki gen nan peyi a depi plizyè jou.

Dominiken yo pran desizyon si la pou anpeche gaz yo soti epi antre an Ayiti nan kontrebann, sistèm kontwòl sa pap la sèlman pou kesyon gaz la men lap la pou pwoteje la Dominikani de pil ayisyen kap rantre lakay yo san papye selon sa yon otorite dominiken fè konnen, tout machin kap kite peyi vwazen pou rantre pa bò isi sibi gwo fouy.

Nap raple anbasadè peyi Izwayèl la nan peyi repiblik dominikèn te deklare semèn pase a ke peyi li prè pou etabli yon sistèm sekirite sou fwontyè peyi Sendomeng ak Ayiti a ak nouvèl teknoloji pou pwoteje peyi vwazen de tout sa kap soti an Ayiti

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …