AYITI/ARESTASYON: , 7 MÈSENÈ LAPOLIS METE METE ANBA KÒD YO GENYEN GWO PRESYON K’AP FÈT POU PÈMÈT YO CHAPE POUL YO.

Genyen 3 gwo manm nan pouvwa k’ap fè gwo presyon sou otorite ki nan Lapolis Nasyonal la, pou fè libere 8 moun yo te arete ak gwo zam yo, ayè dimanch lan daprè enfòmasyon Jounalis Jean Monard Metelus nan emisyon <<intersection>> jodi lendi 18 fevriye a.

Nan kad yon entèvyou’l t’ap reyalize ak konseye prezidan an , Stanley Lucas, jounalis la deklare ke’l gen konfimasyon genyen gwo otorite nan pouvwa ki te rele lapolis poufòse yo libere mèsenè sa yo.

Yon lòt bò,
ansyen senatè Simon DESRAS DIEUSEUL fè konnen se minis Jistis la, Jean Roudy Aly, konseye prezidan an Ardouin Zephirin ak ansyen sekretè deta sekirite piblik la , Jean Fritz Jean Louis ki te tante fè responsab lapolis yo libere 7 etranje sa yo ak ayisyen an yo te arete ak gwo zam fann fwa nan men yo ak anpil lot ekipman yo itilize nan lagè.

Selon enfòmasyon yo,
Endividi sa yo ki gen nasyonalite amerikèn deklare pandan arestasyon an se pou gouvènman ayisyen an yo vin travay ,Se nan misyon yo ye..

Pi lwen,
ansyen senatè Desras fè konnen gen yon lòt gwoup mèsenè kap opere nan vil okay ak gonayiv. « Yo gen lis moun nan men yo pou yo touye pami yo anpil manm nan opozisyon an ak kèk jounalis daprè sa senatè a fè konnen.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …