ETAZINI/KOREDINÒ: KIM JONG-UN DIRIJAN PEYI KORE DI NÒ AP RANKONTRE POU YON LÒT FWA AK DONALD JUMP NAN PEYI SINGAPOUR

Apre 2 dirijan yo te rankontre 12 jen nan lane 2018 sou yon akò ki pat twò klè pou tou 2 peyi yo sou zafè pou nò koreyen yo ta sispann nan zafè zam nikleyè ap gen pou rankontre yon lòt fwa nan somè peyi Vetnam nan vil Hanoï pou kontinye plis ouvèti sou relasyon 2 peyi yo 27 ak 28 fevriye 2019 la.

Dirijan peyi kore di nò Kim Jong-un fè konnen peyi yo a kore di nò se yon peyi sosyalis e patriyotik yo kwè nan travay pou pèmèt peyi yo briye nan lemond chak jou pi plis pou ka gen plis kwasans ekonomik

Se pi bon moman pou pwofite pale de kore di nò nan somè sa daprè Kim Jong-un yon fason pou ta wè si otorite nan peyi Etazini ta retire kèk nan sankayon ki pa sispann peze trè lou sou peyi kore di nò e pèmèt yo menm bò kote pa yo pran bon jan mezi pou ta kanpe sou zafè zam nikleyè sa k’ap enpòtan pou tou 2 peyi yo.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …