AYITI NÒT POU LAPRÈS: SEKRETARYA BIWO LAPREZIDANS ADRESEL AK NASYON AN.

Biwo Sekretarya jeneral biwo laprezidans adresel ak gran piblik la e ak laprès an patikilye, jounen 18 fevriye 2019 la,nan yon nòt pou laprès, rafrechi menwa tout moun,tout sektè ki fè pati vi nasyonal,sou chimen dyalòg prezidan repiblik la mande nan lè li te adresel ak nasyon an nan dat 14 fevriye 2019 la.

Nan diskou li,prezidan an mande pou tout gwo zotobtre politik yo ak nan vi nasyonal la pou yo pwan chimen dyalòg ak gouvènman an pou yo sa jwenn solisyon pou pwoblem politik, ekonomik ak sosyal kap ravaje peyi a.
Chef leta a ta pwal kontinye nan diskou li,pou mande ak relijyon pou lapè kapab konprann sitiyasyon peyi e mande yon entegrasyon bo kote yo,pou nou kapab Bay plis aksè pou pòt dyalòg la louvri nan mitan nou e jwenn solisyon nap chache a.

« Mwen rete kwè dyalog sila ap fen poul fèt nan bonjan mannyè e poun respekte tout règ demokratik yo poun sa rive jwenn chimen ki pou solisyon ki stab e kap dire pou peyi a »daprè prezidan repiblik la.

Chèf nasyon fè konnen li kwè el gen detèminasyon poul travay ak tout sektè ki fè pati vi nasyonal pou kapab pote yon byennèt Popilasyon ayisyèn nan.
Pa gen sakrifis ki two gwo ni piti pou nou si reyèlman nou vle jwenn ayiti nou espere a.

ECHO JOUNAL

valfednickson@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …