AYITI LAME: ANSYEN MANM FÒS LAME DAYITI YO FÈ TANDE VWA YO.

Ansyen militè yo fè tande vwa yo ayè mèkredi 20 fevriye 2019 la nan yon konferans pou laprès kote yo kritike zak briganday kap fèt nan peyi a depi kèk jou e preche inite nan mitan pèp ayisyen an.

Sèjan Herby Dumé ki te pran la pawòl pa met dlo nan bouch li pou te kritike zak briganday kap fèt nan manifestasyon yo, sèjan an denonse moun kap kraze piye biznis ti malere yo, sèjan ki konsidere tèt yo kòm manm an rezèv lame a rekonèt efò polisye yo ap fè pou bay sekirite. Li deklare prezans yo bò kote lapolis la tap pèmèt moun rale yon souf ak ensekirite a, li mande pou fè apèl avèk yo pou ka ranfòse nouvo fòs lame a.

Kòmandan an mande pou tout kouch nan sosyete a chita ansanm pou jwenn solisyon nan kriz sa kap sakaje peyi a dènye tan sa yo. Selon kòmandan an se nan chita ansanm nap ka rive soti peyi a nan twou sa li trouvel jounen jodi a.

Hubert.emmanuel@ymail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …