Militè yo ki makonnen ansanm ak prezidan Nicolas Maduro di yo prè e gen detèminasyon pou defann sak gen awè ak entegrite teritwa bolivaryèn nan »Venezyela », anfas plis pase yon milye opozan ki konnen yo kapab pwan fontyè a nan lide pou resevwa èd imanitè ki fèmen nan depo depi kek tan.
Juan Guaiado ki jwenn lejitimite kom prezidan enterim nan men plis pase 50 peyi, ak 700 mil volontè, daprè opozisyon an, ki gen lide pou yo ta franchi fwontyè a nan kèk machin pou yo ta al resevwa livrezon èd imanitè peyi etazini ak brezil pote.Nou panse kanmenm ki mannyè yo pwal itilize pou kwape blokis militè yo pwal bay.
Nap raple,prezidan kolonbyen an Ivan Duque ak Sebatian Pinera, prezidan peyi chili panse rantre nan zòn fwontalyè kolonbyèn nan « Cacuta »jounen vandredi a pou yo kapab pote men fò ak operasyon sila. Nap souliye,Ivan Duque ak Pinera Sebatian te fè pati sila kite vote kont rejim maduro a.
Militè fwontalyè peyi venezyela arive bloke Plizye (1o)dizèn tòn medikaman melanje ak viv peyi lezetani te voye kòm èd imanitè pou repiblik bolivaryèn nan.
Fednickson Val