LAJISTIS AMERIKÈN PA RETNI OKENN CHAJ KONT SÈT MÈSENÈ LAPOLIS TE ARETE DIMANCH LAN.

Transfere Nan Peyi Blan Meriken 20 Feriye 2019 la  Nan yon Vòl Òdinè, 5 AMeriken ak 2 Lòt Rezidan Pèmanan Fòs de Lòd yo te mete men Nan kòlèt Ak Gwo Zam fann fwa Nan machin yo, pa gen Oken Akizasyon Sou do Yo Selon Miami Herald.

Enfòmasyon ki pibliye Nan Jounal Amerikèn Jodia, Konfime Nan Nivo Fédéral, Fè kwè 7 Mèsenè Lapolis Nasyonal te arete nan Ri Lama Dimanch 16 Fevriye 2019 la ak Gwo Zam otomatik ak Anpil Lòt Minisyon nan Machin yo pa gen Oken Chaj ki Retni kont yo.

Byen Bonè Maten an, Plizyè Reprezantan Premye Mins ak lan Chèf Leta a, Deklare Ni Prezidan Repiblik la, Ni Premye Minis Jean Henry Ceant,Pat Okouran de Transfè sèt 7 Mèsenè Sa yo kay Tonton Sam.

Minis Jistis lan, Jean Roudy Arly ,ki ta Sanble otorize Transfè Mesye yo nan yon Lèt kel ta voye bay (DCPJ) pou ta Voye Sitwayen sa yo Ozetazini Mèkredi 20 Fevriye 2019 lan.

Lapolis Nasyonal te Mete lapat Sou Talon Brurton, Kent Leland krocken, Christopher M.OSam, Dustin Daniel Porte, Bajagic Vlade Janković, Michael Estera Ak Sis(6) Nèf milimèt,Sis(7) fizi Daso,2 Dron,Yon Teleskòp,Sis(6) jile pa bal, 3 machin Ak Anpil fo Plak.

Souffrant Guerking

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …