ESPÒ EWOPALIG: *KALANDRIYE 1/8 DE FINAL LIG EWOPA 2018-2019*

Konfederasyon foutbòl ewopeyen an ( UEFA) delivre kalandriye 1/8 de final lig ewopa a , jodi vandredi 22 fevriye 2019 la nan yon tiraj ki te dewoule nan vil Nyon nan peyi lafrans. Yon faz ki pral jwe nan 2 tan , ale (7 mas 2019) epi retou ( 14 mas 2019).

Se yon kalandriye ki pote anpil bèl afich tankou : Stade de Rennes ki te elimine Bétis Séville pral jwe ak Arsenal , Napoli pral afwonte ekip Red Bull Salzburg lan ki se demi finalis edisyon pase a, 2èm meyè atak ak 22 gòl, 2èm ekip ki kreye plis okazyon ak 28 dèyè Eintracht Frankfurt, epi Inter pral jwe ak meyè atak konpetisyon an , Eintracht Frankfurt ( 28 gòl)…

Jedi 7 mas 2019 , tout match ale yo pral dewoule a 12è 55 :

⚽ Valence nan Mestalla pral resevwa ekip FK Krasnodar

⚽ Stade de Rennes pral an deplasman kay Arsenal an Emirates Stadium nan

⚽ Séville pral toke kòn ak Slavia praha nan Sanchez pizron ban

⚽ Eintracht Frankfurt ap resevwa Inter Milan

⚽ Dynamo kyiv pral vizite Chelsea nan Stanford Bridge la

⚽ GNK Dinamo Zagreb fas S.L Benfica

⚽ Epi ekip Napoli a pral resevwa Red Bull Salzburg .

Pou rapèl , jwè ki make plis gòl nan konpetisyon sa se :
1. Munas Dabbur 7 gòl ( Red Bull Salzburg)
2. Wissam Ben Yedder 6 gòl ( Séville )
3. Olivier Giroud 6 gòl ( Chelsea ).

Occulisjonathan180@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …