LIGA 25KYÈM JOUNEN: MESSI SAKRIFYE SEVILLE E OFRI YON VIKTWA AK FC.BARCELONE

Messi pèmèt Barcelone genyen Séville an deplasman (4-2), jounen samdi 23 fevriye a, nan kad 25è jounen Liga a. Messi pwofite make 23è, 24è e 25è gòl li nan liga a pou sezon sa a.

Otè (3) twa gòl, atakan ajanten an, Messi pèmèt ekip li genyen yon match ke Barcelone te mal kòmanse, jounen samdi an, lakay Séville. Aprè Séville mennnen de fwa sou yo gras avèk Jesus Navas (22è, 1-0) e Mercado (42è, 2-1) men jwè Barça yo te gen resous pou tounen nan match lan sitou avèk yon gran Messi ki fè 3 gòl (26è, 67è, 85è) epi yon pas desizif sou gòl Suarez lan (90+3). Aprè siksè difisil sa a Barcelone ogmante diferans pwen li gen sou lòt ekip yo tankou At. Madrid e Real Madrid kap jwe respektian dimanch kont villarreal e Levante.

Séville kòmanse match lan avèk anpil entansite. Yo te gen posesyon balon an plis ke Barça. Yo sikile balon an byen. Ekip Barcelone nan te souvan gen difikilte pou l konsève balon an nan mwatye tèren ekip Séville lan, telman Séville te bouche tout espas yo, fè presin nan wo. Ekip Séville an pwal louvri skò a avèk kapitèn yo Jesus Navas aprè yon pas anpofondè ki tire adwat gadyen Barcelone nan ki te enpwisan pou pouse balon an (22′,1@0). Barca vin ap fouse nan lide pou jwenn egalizasyon an, sa pat pran tan aprè yon sipèb frap ajanten fè sou yon sant Rakitic ( 26′, 1@1). Malgre sa Séville te montre ke l siperyè ekip Barcelone nan, yo kontinye ap fè jwèt lan. Nan fèn premye mitan an mercado pwal met match lan (2@1), sou yon aksyon defans Barça a tap dòmi (43′).

Nan dezyèm peryòd lan, Barcelone retire Vidal pou antre ak Dembele ki ta pwal bay ekip plis sipò ofansif. Mesi ankò pwal met match lan (2@2 67′), aprè yon move degajman de gadyen ekip Séville lan, Rakitic rekipe epi fè yon pas pou Messi ki fè yon kontwòl ak pye goch pou tire ak pye dwat. Séville vin pèdi kontwol match lan, Barça vin ap domine. Nan 85′ minit atakan ajanten an pwal bay Barcelone avantaj skò pou premye fwa nan match lan, aprè Alena choute epi balon an kontre messi jwenn rebon an li evite sòti pòtye an. Jwè Séville paka konprann malgre bèl pèfòmans sa a pou yo pèdi match lan, yo tante al chèche fwa sa a pou pipiti sòti ak yon grenn pwen. Ebyen Suarez ta pwal tiye yo espwa sa a nan (90+3), sou yon chèk messi bali.

Aprè plizyè match sa viktwa, Barça finalman rejwenn gou viktwa. Aprè siksè yo devan Séville (4-2). Èske messi ap reponn prezan devan Real Madrid mèkredi nan match retou koup despay lan ?

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …