VENEZWELA KRIZ: PLIS PASE YON DIZÈN POLISYE MARE FACHE AK MADURO.

Yon gwo fas kare vyolan rive mete pye ant patizan Guaiado ak militè fidèl ak prezidan Maduro yo ki te resevwa lòd pou yo bare wout ki bay sou fwontyè a pou kamyon ki ta gen wòl pou transpòte èd peyi etazini te voye yo. Anpil dega rive anrejistre, Militè yo ta sanble mete dife nan youn nan kamyon sa yo.

Tansyon an ta pral monte pandan yon kamyon ki tap transpòte èd imanitè yo tap tante travese barikad depi sou fwontyè kolonbyèn nan. Annadan kamyon sila te chaje ak dezatè, nan tantativ sa, plis pase yon dizèn militè melanje ak polisye deside franchi fwontyè a pou yo rejwenn kan opozisyon an.

Prezidan otopwoklame a,Juan Guaiado pwomèt ak tout militè ki mare fache ak maduro ap jwenn padon e nan mete men ansanm pou chavire ti rès ki rete nan rejim sila.

valfednickson@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …