NOUVÈL LÒT BÒ DLO: VYETNAM AP TANN KIM JONG-UN AK DONALD TRUMP.

Dirijan nò koreyen an, Kim Jong -Un nan wout pou Vyetnam, kote li gen pou rankontre prezidan ameriken an Donald Trump. De (2) gran lidè yo te deja chita pale an jen 2018 nan peyi Singapour. Pou konnye a prezidan ameriken an pa sispann pale sou bon relasyon ke li genyen ak Kim Jong-Un e pwogrè ki genyen sou denikleyarizasyon kore dinò.

Sou pon ki travèse flèv rouj lan, nan antre kapital vyetnamyèn nan, plizyè drapo ameriken kole ak drapo repiblik popilè demokratik kore. Kim Jong-Un ak Donald Trump gen randevou pou rankontre pou yon dezyèm fwa mèkredi 27 fevriye an.

Yon pasaj devan mosole D’Ho chi Minh.
Maten an tren vè Kim nan pase nan sant lachin, epi premye kotidyen Vyetnam nan pibliye yon imaj ki montre anpil sòlda vyetnamyen prezan nan ga Dong Dang sou fwontyè lachin nan. Èske prezidan nò koreyen an ap kontinye ak machin ?

Enposib pou konnen konnye a. Selon laprès vyetnamyèn, Kim Jong-Un ta sipoze vizite madi pò Haï Phong, ki se pi gran sant endistriyèl Vyetnam, l ap resevwa pa nimewo en vil lan nan lide pou montre angajman Pyongyang nan refòm ekonomi an.

Petèt l ap fè yon ti kanpe devan mosole D’HO chi Minh, fondatè aktyèl pati kominis vyetnamyen an e repiblik domokratik Vyetnam, nan zòn gran papa l te konn vini Kim II Song. Istwa pou manifeste kontinite dinasti Kim nan.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …