AYITI POLITIK: SENATE GRACIA DELVA PA NAN AAA ANKÒ.

Pati politik AAA soti yon nòt vandredi 26 avril 2019 la kote yo anonse ke senatè Latibonit la Gracia Delva pa nan pati ankò e li pa gen poul pale ni pran okenn desizyon nan non pati a ankò.

Yon desizyon ke direktwa pati a pran apre senatè lwès la Jean Renel Senatus te anonse devan mikwo laprès ke Gracia Delva gen lyen zanmitay nan pale nan telefòn ak chèf bandi Site de Dye a Anel Joseph, yon enfòmasyon ke senatè Latibonit lan pa demanti.

Nòt sa ki anonse ke eli Latibonit la Gracia Delva deyò nan pati AAA gen siyati 6 manm nan pati men nòt la pa bay twòp detay sou rezon ki ta pouse yo reyaji vit konsa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …