AYITI/ESPÒ: GRAS AK YON GÒL DE SABA VIOLLETE FÈ YON VIKTWA.

Jan sa te anonse a chanpyona nasyonal premye divizyon seri kloti yo jwe pandan weekend nan nan peyi Dayiti ekip Baltimore de Senmak la bat ekip AS Mirbalais a (0-1) samdi 24 out 2019 la nan pak Baya gras yon gòl Kerlens Exantus te fè nan (67′) nan jwèt la.

Steeven Saba bay yon viktwa ak ekip Violette la nan stad Silvio Cator dimanch 25 out 2019 apre li te fin make grenn gòl match la nan (65) devan ekip Triomphe lan.

Nan pak Notre Dame FC.Quanaminthe bat ekip Cosmopolites la (2-1) Roobens Philogène make de gòl nan match la (43′ 45′) epi Benjy Métélus make grenn gòl Cosmopolites la nan (62e).

Racing Club Gonaives fè yon viktwa (1-0) nan pak Miguel Saint Jean sou ekip Real Hope la.

Cavaly imilye ekip America FC nan pak Gerard Christophe (4-1) moun ki make yo se Roody Joseph (9e), Dorley Evens Jean (12e, 77e), Louidson Casseus (20e – Cav) / Rhau Whidmack (AME)

Nan pak Saint Victor AS Capoise kraze Arcahaie (3-1) avèk Judelin Pierre Gilles (6e) Frantz Moïse (52e) Yves Adlain Dorimain (89e/ASC)- Frantz Piton (9e, AFC)

Racing Club Haitien tonbe nan pak Sainte Thérèse devan ekip Don Bosco a (0-1) gras yon gòl de Danley Jean Jacques (79e).

Fica antann li ak Tempête (1-1) nan pak Levelte kote Mackenzy Osier te make pou Tempête epi Bocius Stanley Joseph pou FICA.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …