LEMOND/FRANS: SENDIKA POLISYE YO ANONSE YON MACH KÒLÈ POU 2 OKTÒB.

Aprè plis pase 48 ajan polisye ki touye tèt yo epi san konte plizyè lòt kap viktim tout sòt dagresyon depi kèk tan nan peyi Lafrans yo konte òganize yon mach nan mwa otòb la.

Nan sans sa plizyè òganizasyon sendika anonse jounen madi 10 septann 2019 la pou ajan polisye yo pran la ri jou kap 2 oktòb 2019 la nan lide pou mande pi bon kondisyon travay ak pi bonjan tretman pou polisye yo.

Mach sa ap fèt tou pou atire atansyon gouvènman an pou polisye kap touye tèt yo epi kap sibi tout sòt agresyon nan men siperyè yerachik yo.

Poun fini direksyon jeneral polis nasyonal la anonse gen yon platfòm sikològ ki disponib sou yon nimewo anonim yon fason pou si yon polisye ta gen pwoblèm pou yo ka rele sikològ yo.

Rikenson Fulgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …