LEMOND/SEKIRITE:SAN SENKANT MIL(150000) SÒLDA VENEZYELYEN DEPLWAYE SOU FWONTYÈ KI SEPARE YO AK PEYI KOLONBI.

Prezidan peyi Venezyela a Nicolas Maduro voye san sekant mil (150000) sòlda oubyen prèske mwatye lame yo a sou fwontyè ki separe yo ak peyi kolonbi an, ayè madi 10 septanm 2019 la

Nicolas Maduro pa met dlo nan bouch pou fè konnen rezon ki fè yo voye gwoup sòlda sa se yon fason pou ranfòse sekirite sou fwontalyè a, kote daprè li gen tantativ kap fèt pa bò kote otorite peyi vwazen an pou deklanche yon gè militè

L’Amiral Remigio Ceballos kòmandan stratejik epi operasyonèl peyi Venezyela a nan entèvansyonl fè konnen « Fòs lame nasyonal bolivaryèn nan se yon fòs ki la pou mete lapè epi ale pilwen pou di yo respekte tout fòs militè ki genyen anba syèl ble a men yo pa pè pèsòn

Pou fini nap raple nan mwa pase yo se nan rejyon sila peyi lèzetazini tap fè tantativ pou pase ak èd imanitè yon mannyè pou te sipòte prezidan ki mete tèt li a nan peyi Venezyela Juan Guaìdo

 

Otè: Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …