Bandi k’ap kòmande avèk gwo zam gwo palto ba yo pwofite de sa pou egzèse pouvwa yo sou lavi polisye yo kise sèl fòs ki la pou garanti lapè avèk sekirite nan mitan popilasyon an.
Nan Dekayèt, Francky FAUSTIN se non polisye ki sòti nan 26è pwomosyon polis nasyonal peyi Dayiti bandi rive tire nan lannwit 1e Oktòb 2019 la nan yon machin polis kit’ap fè patwouy selon premye eleman enfòmasyon yo.
Sa ki ogmante nan kantite polisye ki jwenn lamò yo nan bay nasyon an sèvis, polisye kite avèk viktim nan pat pran tan pou te replike avèk bandi sa yo kote enfòmasyon yo ta fè kwè youn nan bandi yo ta tonbe.
josephjemsley814@gmail.com