AYITI/POLITIK: ÒGANIZASYON UNJADAYITI  PREZANTE POPILASYON YON PLAN POU SOTI NAN KRIZ LA.

Nan yon kominike òganizasyon UNJADAYITI ki se « Unité des jeunes en Actions pour le Développement d’Ayiti. » prezante bay pèp ayisyen an yon plan pou soti nan kriz ki mete peyi a ajenou depi yon bon bout tan.

Plan sila ki gen ladann sis (6) pwen ki chita konsa:
1-Redui manda prezidan repiblik la de yon ane.
2-Redui manda senatè 2022 yo epi òganize eleksyon antisipe dènye dimanch mwa otòb 2020.
3-Voye tout minis yo ale.
4-Jwenn yon konsansis politik ak aktè yo yon fason pou senatè ak depite yo ta ret tann eleksyon fèt pou evite peyi a dirije pa dekrè.
5-Yon premye minis iniyon nasyonal ant aktè yo ak tout fòs viv nasyon an.
6-Fòme yon gouvènman ki gen tout fòs viv nasyon an.

Plan sa ki pral genyon misyon byen detèmine tankou:
.Òganize eleksyon antisipe epi jeneral dènye dimanch mwa oktòb 2020.
.Ranfòse Polis nasyonal la epi ogmante kantite yo, bidjè ak soutyen lojistik yo.
.Refòme systèm sekirite sosyal (CAS, ONA, OFATMA)
.Jwenn yon akòt pou kat elektoral yo pou site sa yo pami tout misyon yo.

Kòdonatè egzekitif nasyonal òganizasyon sila Richemond Joseph ki tap reponn kesyon nou sou kesyon komisyon ki pral gen misyon pou mennen dyalòg nasyonal la pa wè plas Renald Luberice nan komisyon sila ki nan yon konfli dirèk ak manm twazyèm vwa lòm dafè reginald Boulos, kòdonatè a parapò ak anpil lòt lidè ki ap voye pye kont komisyon an li plis vle bay yo chans ak komiayon an pou yo ranpli misyon yo ki se jwenn yon solisyon nan kriz la nan mete tout moun chita ansanm.

Pou kesyon pou popilasyon an ka pran konfyans lan, kòdonatè a konseye prezidan repiblik la itilize televizyon leta (TNH) pou pale ak popilasyon an e fè aksyon rapid ki ka redui nan mizè grangou a.

Pou kesyon moun ki itilize zam nan manifestasyon yo pou fòse prezidan an kite pouvwa a, selon kòdonatè a se feblès leta ki koz sa. Kòdonatè a wè nan lari a plizyè kalite moun kap manifeste yon gwoup selon li ki pa kapab ankò ak mizè a kap soufri, yon gwoup kap pwofite de moun yo ki nan lari pou jwenn pòs, yon gwoup ki gen misyon piye kraze epi mete dife poun repete kèk nan gwoup moun yo selon kòdonatè egzekitif nasyonal Richemond Joseph UNJADAYITI.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …