Fo grimèl, fo grimo pa ouvè kòw mwen gen foto w lèw te blak

Pandan gwo kriz ekonomik politik ap trakase peyi a chak jou pi plis, gen yon latriye lòt fenomèn sosyal kap jèmen oubyen kap pran jarèt chak jou. Jounen jodi a pagen kotew pase pou w pa kwaze ak moun ki tounen agranman nan pase krèm pou chanje koulè yo, pou parèt grimèl oubyen pou sanble ak blan. Se yon fenomèn ki te la depi kèk tan, li te konn fèt timidman, anba chal men kounye a se toupatou ou kwaze ak moun figi grimèl epi tout kò yo nwa. Sa pa fèt an kachèt ankò, pafwa ou pa menm ka di ki koulè moun nan ye tèlman yo pase pwodwi chimik, dòmi anba plastik pou yo ka vin blanch.

Lontan se fanm ki te plis ap chanje koulè yo, jodi a gason prèske pote lamayòl nan pratik sila. Kote fenomèn sa soti ? nan bout papye sa nap ekri a nou pa kwè nap jwenn repons lan, sèlman nap ajite kesyon an pou pèmèt deba louvri anndan sosyete a sou fenomèn sa.

Medya an jeneral se yon gwo fòs anndan yon sosyete, li gen gwo pouvwa sou dirije zak moun ap poze. Youn nan gwo ekzanp nou genyen se masak ki te fèt nan lane 1994 nan peyi Rwanda. Kote yon jounalis dèyè yon mikwo te pouse yon etni masakre yon lòt. Ak nouvèl teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo sikile pi rapid, jèn yo gen aksè ak yon latriye rezo sosyal kap bay tout kalte enfòmasyon anplis kap vann yon pakèt imaj. Souvan imaj yo se imaj sa kiswadizan bèl oubyen sa ki bote a. Anplis, imaj sa yo se moun blan yo reprezante, kòm ki dire blan se senbòl bote. Gen yon seri gwo magazin entènasyonal ki konn ap bay tit gason ak fanm ki pi bèl epi pi seksi sou latè anpil moun sa yo se blan. Konsa, san nou pa rann nou kont yap foure imaj sa yo nan tèt nou epi fè nou kwè ladan yo.

Pwoblèm nan pa rete la, nou jwenn li nan imaj nou wè legliz, nan imaj yo ban nou pou swadizan bondye, pou swadizan satan, pou swadizan Jezi. Nou pa janm kontre yon imaj kote yo montre bondye nwa, bondye toujou blan, nou pa janm kwaze yon imaj ki montre satan blan, satan toujou nwa, li ra pou w jwenn yon imaj kote Jezi nwa, pitit Bondye toujou blan. Tout sa se yon ansanm aparèy ideyolojik pou fè nou kwè tout sa ki bon blan, tout sa ki pa bon nwa. Kidonk, li tou antre nan imaj inè nou. Konbyen ayisyen ki di w li dòmi li reve bondye poul pa diw se lepè blan ak bab blanch, rad li klere tou blan, men al gade an ba pye sen Michel wap wè ak kiyès ou sanble.

An Ayiti anpil medya yo pap riske bay valè ak sa nou ye, sa ki idantite nou, kote nou soti. Yo pito ap vann menm imaj ak medya etranje yo, yon seri imaj ki pa mache ak reyalite nou kòm moun, kòm nasyon, kòm nwa. Se feyton tout la sent jounen, fim ameriken, fim franse elatriye, fòk nou di tou pa gen chwa paske nou  pa pwodwi anyen, epi Leta pa di anyen nan sa kap pase nan radyo kou nan televizyon.

Pou nou, tout bagay sa yo lakòz yon gwo konplèks kay anpil ayisyen, ki kwè pou yo bèl fòk yo sanble ak imaj yap gade yo, fòk yo sanble ak blan, fòk cheve yo long, fòk yo abiye tankou yon atis kelkonk. Sa kreye tou yon kriz idantite anndan sosyete a, ayisyen an pa konn kiyès li ye, li pa vle aksepte po nwa a, nen kwaze a, cheve grenn nan, li vle sanble ak Brad Pit, Shakira, Angelina. Tout sa yo lakòz moun yo ap achte pwodwi tout kalte melanje yo pou pase sou po yo.

Gen kote ekonomik kesyon an tou, paske pouw fè grimèl bobistò a fòk ou toujou renouvle stòk krèm ou. Depi pa gen krèm ankò koulè a al bwa chat, ou vin gen yon koulè sal pachiman, lèd paskew pèdi bon koulè po a. kidonk, fòk ou toujou gen kòb pouw achte krèm,    sa ki fè endistri loksidan ap byen mache nan vann nou tout kalte krèm ak fo cheve. Ayisyen antre rèd sèch nan vann pwodwi sa yo sou rezo sosyal yo. Kounye a lekòl la lage, pa gen benyen kache lonbrit ankò, depi se lajanm ki achte krèm mwen moun pa pale avèm. Moun yo nan lari a yo pèdi koulè nwa a, poutan yo pa wouj,  yo pa blan, ou pa ka konn ki koulè yo ye tèlman yo dekati.

Nou panse si sa rete konsa, nan 20 tan ankò Ayiti ap gen yon bann moun ki gen pwoblèm po. Kidonk, fòk Leta di yon mo nan danje sa poul pa vin yon gwo pwoblèm sante anndan sosyete a. Anplis, nou panse fòk gen refleksyon ki fèt sou sa nap ofri nasyon an kòm valè nan medya, nan lekòl, nan tout espas nou ka itilize pou fòme ak bay direksyon. Nou pa vin fè leson pou okenn moun men nou panse tout zouti ki ka itilize tankou aparèy ideyolojik ta dwe pote mesaj ki mache ak reyalite nou, sa nou ye kòm pèp epi ak idantite nou. Konsa ofiramezi, fenomèn chanje koulè a ap diminye lè nap kòmanse bay tèt nou, koulè nou, sa nou ye valè.

Annatandan, mesye dam bobistò yo, ansyen blak yo ap frape fò deyò a, tout kote se yo, pagen wont ankò nan koze a, men nou konnen gen anpil moun ki gen foto lè yo te blak, kidonk di yo pa ouvè kò yo twòp.

MED
dorvelus812@gmail.com
(509) 40275317

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …