AYITI/MANIFESTASYON: KRAB LA PA GRA NAN MANIFESTASYON OPOZISYON AN KI TE VLE VOYE YON MESAJ BAY TONTON SAM.

Malgre tout mobilizasyon sou rezo sosyo yo nan kèk medya nan nan peyi a manifestasyon opozisyon an pa rive fè resèt jounen vandredi 6 desanm 2019 la nan kapital la jan sa te prevwa a.

Yon manifestasyon ki te anonse a plizyè tèt ki ta pral rankontre Kafou awopò pou tal devan anbasad peyi Etazini nan lakou peyi Dayiti  toujou nan menm objektif pou mande blan meriken lage pye kanson prezidan repiblik la Jovenel Moise e pou te tou pwofite voye yon mesaj bay tonton Sam ki gen ranvwaye espesyal li David Hale ki gen misyon dyaloge ak pouvwa epi opozisyon an nan objektif pou jwenn yon bout nan kriz la epi mete yon gouvènman tout ladann kanpe pou ede popilasyon an soti nan lanfè li ye.

Yon mesaj ki pa byen ale jan lidè opozisyon yo te swete sa, krab la pat jwenn ase vitamin pou te rive devan anbasad la, anpil nan tèt manifestasyon yo ki te gen pou rive mete ansanm te nwaye nan wout.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …