Komin Delma youn nan komin kriz politik la plis paralize pandan dènye tan sa yo pral konnen yon meyè finisman ane gras avèk administrasyon Komin nan ki gen nan tèt li Wilson JEUDY.
Inisyativ sa se pou bay chak moun ki ap viv nan Komin nan yon meyè nwèl pou ane a jan sa te konn toujou fèt nan ane ki pase yo, malgre anpil nan moun ki ap viv nan Komin nan twomatize koz pwoblèm politik peyi a ap konnen, responsab yo ap travay pou pote kontribisyon pa yo pou dènye mwa nan ane 2019 la.
Otè: Jemsley JOSEPH