AYITI/INONDASYON: DEZYÈM VIL PEYI DAYITI LEVE ANBA GWO DLO APRE YON TI LAPLI.

Plizyè zòn nan vil Okap leve anba gwo dlo jounen dimanch 8 desanm 2019 la apre yon ti lapli ki tap tonbe nan lanwit samdi 7 desanm lan prèske sou tout depatman nò a.

Lapli sila kite anpil dlo nan plizyè zòn nan vil la kote lekòl legliz pou site sa yo, yon pati nan komisarya baryè boutèy la kraze apre yon glisman teren san konte lòt dega materyèl kote jaden ak betay peyizan yo ale nan dlo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …