ESPÒ: FOUTBÒL EKSPATRIYE//YON MOVE JOUNE POU EKSPATRIYE NOU YO NAN PEYI LAFRANS.

Diszwityèm (18èm) jounen chanpyona dezyèm (2èm) divizyon nan peyi Lafrans lan jwe nan tout entegralitel, ekspatriye nou yo konnen yon jounen kochma.

Vandredi 13 desanm 2020 pou rive lendi 16 desanm lan se sou entèval sa 18èm jounen Dominos lig 2 an te jwe.
Ekip ayisyen yo apjwe ladan yo a tout pèdi.
Soti nan le Have pou rive nan Guingamp ki fèmen jounen an lendi an lèl tonbe lakay li sou eskò ki pi piti an (0-1).

Aj Auxerre ekip Arcus Carlens ap evolye an pèdi (1-0) kont Lorient.
Carlens pat jwenn gras coach li.

L’Us Orléans kleb Stéphane Lambèse ap jwe an pèdi (2-1) kont Mans malgre yon (1) pas de Lambèse pou ouvè eskò an men nan dezyèm peryod la Mans ta pral jwenn resous poul egalize epi make yon dezyèm (2èm) gòl pou bat (2-1).

San Hervé BAZIL le Have konnen yon defèt sou tèren Clermont foot (2-1).

Paris fc malgre yon Gwo match pou te kanpe avèk seri defèt yo, men koule nan fen rankont lan sou eskò ki pi piti an (0-1) yon gòl ki make nan fen rankont la swa (90’+1).
Bryan Alceus pa jwe ankò se konfimasyon li pa gen nivo pou chanpyona.

Guingamp ekip Pierrot jwè nou genyen ki pi anfòm nan kòmansman sezon an pèdi pèdi lakay li (0-1).
Malgre atakan ayisyen an te jwe tout rankont lan.

OTÈ: JOCELYN COUYOUTE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …