AYITI/POLITIK: REGWOUPMAN ASOSIYASYON VIZYONÈ YO POU DEVLOPMAN AVÈK PWOGRÈ (RAVIDEP) MANDE YON LÒT KONSTITISYON POU SOVE AYITI.

Apre peyi Dayiti sot konnen yon moman nwa anba boulvèsman twoub politik (RAVIDEP) kise regwoupman asosiyasyon vizyonè yo pou devlopman avèk pwogrè ki fonde nan mwa dawout lane 2019 bay yon konferans pou laprès pou jodi Vandredi 27 Desanm 2019 la nan lokal restoran Bar and Grill nan Delma 83.

Objektif konferans sila se pou mande gouvènman avèk opozisyon an sispann chire pit paske pèp Ayisyen an pa kapab ankò, RAVIDEP mande pou mete tèt yo ansanm pou bay peyi Dayiti yon lòt konstitisyon kote chak grenn Ayisyen ka viv tankou moun.

Òganizasyon RAVIDEP kila pou akonpanye popilasyon an nan aktivite sosyal ki gen nan tèt li pou kòdonatè Jeneral: Josue CORASLIN, Pòt pawòl: Valsaint MÉSIUS, Sekretè jeneral: Wadlin Jean MAITRE ak tout rès ekip la swete pèp Ayisyen an yon meyè ane 2020 nan lapè, nan lanmou ak tèt ansanm, kote twoub politik yo p’ap antere pèp Ayisyen an nan lamizè jan sa ye nan ane ki pase espasyalman ane 2019 la.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …