LEMOND/KONFLI:PREZIDAN AMERIKEN AN ANONSE NOUVO SANKSYON KI PRAL PRAN KONT PEYI IRAN

Donald Trump prezidan peyi lèzetazini an fè konnen gen gwo sanksyon ki pral pran kont peyi iran// nan kad yon konferans pou laprès li bay byen bonè maten mèkredi 8 janvye 2020 an

Daprè prezidan peyi etazini an sanksyon sa yo pral pran swit ak atak lame peyi Iran fè kont kèk baz militè lame amerikèn nan gen nan peyi irak kote yo tire plizyè misil balistik ayè madi 7 a

Pilwen Donald Trump fè konnen yo pa anrejistre pyès viktim nan mitan yo aprè atak lame iranyen an fè kont sòlda ameriken yo

Pou fini prezidan Ameriken an lanse yon kri nan direksyon alye li yo epi ekzije peyi Ewòp yo pou fè retrè sou akò nikleyè lane 2015 lan.

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …