Akoz pwoblèm ensekirite peyi an ap afwonte depi kelke mwa sa ki gen enpak sou tout kouch nan lavi nasyonal la, minis espò an nan kad travay li kise ankadre jèn, nan tèt kole avèk laprezidans deside pou fè yon chanpyona kap gen (34) ekip kap sòti nan katye defavorize yo kote yo rele zòn denondwa tou.
Se (22) katye kap genyen nan konpetisyon sila selon Mèt Edwin Charles match sa yo ap gen pou jwe nan tèren ki pi pre katye yo tankou pak ste Thérèse, sant espòtif Kafou, estad Sylvio Cator, pou site sa yo sèlman.
Selon komite ki anchaje pou sa se pa foutbòl sèlman kap genyen nan pwogram sa, ap gen yon fòmasyon kap gen pou fèt pou montre jèn yo pwofesyon manyèl tankou mason, elektrisite, karelaj avèk anpil lòt ankò kap pèmèt yo reziste avèk pwoblèm lavi an.
Pwogram sila ap bati sou yon dire senk (5) lane.
JOCELYN COUYOUTE.