ESPÒ// FOUBÒL FANM:  MONTPELLIER IMILYE EKIP YZEURE ALLIER A EPI KALIFYE POU 1/8 FINAL.

Ekip MONTPELLIER a bò kote medam yo nan peyi Lafrans ki tap jwe sèzyèm (1/16) final li ayè dimanch 12 janvye 2020 an imilye ekip YZEURE ALLIER ki tap resevwa yo (1-6) epi jwenn biyè li pou al jwe uityèm (1/8) de final.

Yon match ki te trè fasil pou koyekipye entènasyonal ayisyèn nan Mondesir Nerilia kote yo te make byen bonè avèk Valérie Gauvin nan (17′),  twa (3) minit apre Valérie ta pral agrave eskò an swa (20′) nan tout rankont lan.

Atakant vedèt ayisyèn nan Nerilia Mondesir pat rete nan Silans li, li te patisipe nan festival la pou (0-3) nan 31′, twa (3′) apre swa (34′) nan tout rankont lan Melanie Chalmet ta pral make (0-4).
Sarah Puligan ta pral make (0-5) lan se te eskò premye mitan an (0-5).

Apre poz la ekip resevez lan ta pral redui eskò an Sis (6′) apre swa (51′) nan tout jwèt la (1-5).
Nan fen match la  Valerie Gauvin ta pral ofri tèt li yon triple pou make sizyèm (6èm) gol la vitwa pou Montpellier (1-6).

JOCELYN COUYOUTE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …