AYITI/CORONAVIRUS: YON AVYON CHINWA ATERI NAN ÈPÒT PEYI DAYITI METE TÈT TOUT MOUN CHO.

Yon avyon prive chinwa ateri nan èpòt peyi Dayiti nan apre midi 31 janvye 2020 an kreye gwo panik ak tèt cho nan mitan popilasyon an apre enfòmasyon an ta pral tonbe kòm yon bonm atomik sou rezo sosyo yo.

Avyon sila ki te gen ladann 11 chinwa, 2 ameriken ak yon otès chinwa ta gentan pase nan plizyè peyi a tankou Sendomeng, Bayamas poun site sa yo selon enfòmasyon yo ki pat aksepte yo ateri lakay yo.

Selon yon sous ki soti nan ofis nasyonal aviyasyon nasyonal sivil (OFNAC) avyon an te bzwen gaz ke peyi a ba yo men okenn nan pasajè yo pat desann, pou asire popilasyon an ke pa gen posibilite pou maladi ta antre nan peyi a pa rapò ak aterisaj sa.

Nap raple maladi sila gentan touye pou pi piti 260 moun nan peyi Lachin kote yo dekouvri li e ta gen plis pase 20 peyi nan mond la ki ta gen jwenn men sòl pa yo ladann tankou Kanada Lafrans Etazini kòm gwo palto si nou ta site peyi sa yo. Anpil lòt peyi oblije fèmen pòt yo pou chinwa yo pa antre lakay yo.

Selon enfo yo avyon chinwa sa te kite peyi Lachin pou ale nan peyi Japon, li ta eseye vizite kèk peyi men ki rele anmwey pou yo, men ta sanble yo jwenn benediksyon nan peyi Pòtigal apre yo ta fin fè gaz nan peyi Dayiti.

Hubert.emmanuel@ymail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …