AYITI/VODOU: GWO DIFE LIMEN NAN SEKTÈ VODOU A APRE YON CHWA ZANMITAY POU REPREZANTE SEKTÈ A.

Gwo bouch louvri nan mitan sektè vodou a apre yon òganizasyon nan sektè a ki pote non KNVA san konsiltasyon chèf siprèm kilt vodou ayisyen ougan Cedral Noelus ak lòt òganizasyon vodou ki nan peyi a,kote KNVA rive fè chwa ansyen komisè gouvènman Gonayiv la Me Enock Génélus pou reprezante sektè vodou a nan konsèy elektoral pwovizwa a.

Chef kilt Vodou ayisyen an houngan Cedral Noelus ki tap reyaji nan mikwo nou pa mete dlo nan bouch li pou kritike sak fèt la, li fè Konnen se menm leta ayisyen ki toujou mete divisyon nan mitan sektè Vodou a, li fè Konnen li menm ke Leta Konnen kòm chef kilt Vodou ayisyen an selon arete 4 Avril 2003 a, Leta Ayisyen pa janm fè apèl avèl kòm reprezantan kilt Vodou a, li di si Leta Ayisyen te fè apèl avèk li, li tap rele tout òganizasyon Vodou yo li tap mande pou tout bay yon moun epi li tap fè yon Eleksyon Pou yo ka voye yon moun ale reprezante kilt Vodou a Nan konsèy elektoral la.

Houngan Cedral fè Konnen li pa rekonèt Ansyen komisè gouvènman latibonit la Enock Génélus kòm reprezantan vodou a nan CEP ki ap kreye pou ta fè Eleksyon andedan peyi Dayiti a, Pou fini li fè Konnen fòk Prezidan Jovenèl Moïse pran tout prekosyon pou jwèt la pa gate nan menl selon sa lwa yo di li.

Nap raple chèf siprèm vodou Houngan Cedral Noelus pa sèl moun ki voye pye pou chwa sa ki fèt san konsiltasyon sektè a jan sa ta dwe fèt.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …