AYITI/DÈY : KÒ GWOUP METE BOUCH NAN LANMÒ NOUVO BATONYE PÒTOPRENS LAN

Kò gwoup la fè konnen zak sa yo fè sou avoka epi pwofesè mèt Monferrier DORVAL ki te ranpòte eleksyon yo pou vin Batonye Pòtoprens lan afekte yo anpil e yo kondanel ak tout fòs yo, yo mande pou jistis rann avèk pèp Ayisyen an pou potorik gason sa ki tap rann popilasyon an sèvis nan fòme ak defann moun.

Yo swete fanmi, zanmi, kòlèg epi Ayisyen Kòdoleyans pou nouvo Batonye Monferrier DORVAL, yon lòtbò yo mande pou tout moun ki tonbe anba bal yo jwenn jistis yo pwofite mande tout moun nan vi nasyonal la mete tèt ansanm pou kwape machin ensekirite a nan peyi a.

Nap raple kò gwoup la gen nan tèt li lis anbasadè peyi sa yo :

1) ETAZINI
2) FRANS
3) ALMAY
4) KANADA
5) BREZIL
6) ESPAY
7) OEA
8) NASYONZINI
9) INYON EWOPEYÈN

 

 

 

Otè : Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …