AYITI/KRIM: YON TIMOUN 16 LANE MOURI RACHE AK KOUT KOUTO NAN KOMIN LEWOGAN.

Yon timoun 16 lane mouri rache ak kout kouto nan jou anivèsè li nan komin Lewogàn jounen madi 29 septanm 2020 an.

Ti pitit sa rele Loovens Charles li te gen sèlman 16 lane, li tap fè nevyèm ane,  selon premye enfòmasyon yo li te ale chache dlo kay yon vwazin apre fanmi li ta pral jwenn kò li bò lari a tchake ak kout kouto, vwazin nan ta pral fè konnen nan yon premye tan li te wè mò a nan lakou li li jis trennen li mete li bò lari a, apre lapolis fin mete li anba kòd kòm premye sispèk nan lanmò a li ta pral fè konnen se li ki touyel paske ti pitit la te vin eseye kase kay li.

Kondisip ti pitit sa ki tap prepare pou fete ak li ta pral resevwa nouvèl la ak dlo nan je, selon enfòmasyon yo dam sila ki ta fè krim sa se yon fanm ansent.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …