AYITI/ENSEKIRITE: YON GWO CHÈF BANDI KAP OPERE NAN KAPITAL PEYI DAYITI DESIDE BAY JEZI VI LI

Chèf bandi kap opere nan zòn Kwadèmisyon an Steevenson Pierre ke tout moun konnen sou non chen mechan depi yon bon bout tan deside remèt zam epi rantre legliz.

Chèf bandi an ki tap reyaji nan yon radio nan kapital la fè konnen li gen 20 sòlda ke lap dirije, yo tout prè pou depoze zam epi pran chimen legliz menm jan avèk li pou yap rele li frè Steevenson. Chen mechan kap manyen zam depi 2014 selon sa li di li pa janm touye moun, li mande pou Jean Rebel Dorcenat ki se youn nan CNDDR yo rive sou li.

Chen mechan ki pat vle di kiyès ki te ba li zam yo deside remèt yo a rezon yo ba li yon djòb pou li kapab okipe de (2) pitit li di ke li genyen epi chanje lavi li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …