AYITI/VYOLANS: MOMAN NWA POU ROODY ROODBOY NAN VIL OKAY AK PLIZYÈ LÒT MOUN.

Atis Roody Roodboy viktim nan lannwit samdi pou rive dimanch 10 janvye 2021 an nan yon gwo lòbèy ki pete nan yon bal li tal jwe nan yon klèb Backyard nan vil Okay.

Atis la soti blese ak plizyè lòt moun ki te nan pwogram  sila ki te pote non « bal de l’année » kote Roody Roodboy te a lafich ak gwoup Mass konpa, ensidan sa ta pral rive apre yon gwo deblozay ki te pete anndan Backyard apre yon diskisyon selon enfòmasyon nou rive jwenn.

Atis la ki tal pran swen an ijans pa twò an danje selon yon pwòch li ke redaksyon Echojounal te kontakte.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …