Byen bonè maten lendi 18 janvye 2021 popilasyon kap viv nan vil Mibalè yo leve jwenn vil la sou gwo tansyon dife nan anpil kwen.

Yon tansyon ki mete gwo mache prese nan mitan paran yo ki te gentan mennen pitit yo lekòl oblije ap kouri al chache yo akoz moun yo pa idantifye mete dife devan kèk lekòl ak kèk enstitisyon piblik nan vil la tankou EDH, ONA poun site sa yo selon enfo nou rive jwenn. Lapolis ap tante reprann kontwòl vil la anba anpil gwo difikilte.

Tout moun ki ta pral travay oubyen al regle aktivite yo oblije retounen lakay yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …