AYITI/FÒMASYON: PRINCIPE AUTO ECOLE AP ÒGANIZE YON GWO AKTIVITE KAP PÈMÈT CHOFÈ YO PWOTEJE TÈT YO AK VI LÒT MOUN

Principe Auto Ecole nan tèt kole ak Ange Multi service ap òganize yon gwo aktivite nan peyi a jou ka samdi 30 janvye ak dimanch 31 janvye 2021 an sou prensip ki genyen nan kondui machin.

Aktivite sa ap fèt sou teyori ak pratik lap pèmèt ou konnen tout teknik de baz yo, tankou kijan ou dwe itilize machin ou pou li direw plis tan, kilèw gen priyorite, kijan pou travèse yon entèseksyon, sa tout ti limyè ki nan machin yo vle di pou site sa yo.

Pouw patisipe nan gwo fòmasyon sa kap dire de (2) jou samdi 30 ak dimanch 31 janvye 2021 an ou dwe pase asire plas ou nan lokal Principe Auto Ecole sou wout Dèlma anfas antre Dèlma 19 pou $50 ht epi yon frè $500 ht, ladann wap jwenn yon ti goute, yon sètifika ak dokiman.

Pa tann se jou a pou vini paske plas yo limite pou plis detay rele nan 36234404.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …