LEMOND/EKSPLOSYON :YON GWO EKSPLOSYON FÈT NAN SANT MADRID NAN PEYI ESPAY TOUYE POU PITI 3 MOUN

Pou pi piti 3 moun mouri ak plizyè blese Mékredi 20 janvye 2021 an nan kapital  peyi Espay nan yon gwo eksplosyon ki fèt nan yon kay men yo poko jwenn sa ki ta lakoz sa selon televisyon nasyonal espanyòl (TVE)
ak temwen yo.

Daprè TVE eksplosyon sa detwi twa etaj nan kay la ki touprè kote yon gwoup moun ki antre nan laj ye nan sant Madrid rue Toledo.

Majistra vil lan José Luis Martínez Almeida anonse nan yon premye tan lanmò 2 moun pou pi piti ak plizyè blese men kounya pou pi piti 3 moun ki mouri .

Selon enfòmasyon yo eksplosyon an ta sanble se yon flit yon gaz kote 6 etaj soufle nan eksplosyon an nan sant vil lan .Li sanble ak yon eksplosyon yon gaz daprè deklarasyon José Luiz Martínez Almeida fè nan laprès.

Angeline Michel

Kredi foto:LCI

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …