Lapolis nan vil Miragwàn mete anba kòd ansyen senatè epi lidè sektè ki pote non sektè demokrati e popilè a nan apre midi jedi 21 janvye 2021 an.
Poko gen detay sou arestasyon Nenèl Cassy a, konfrè li mèt André Michel pat pran tan nan yon twit pou anonse nouvèl la epi fè konnen opozisyon nan kole tèt pou yo bay yon repons ak arestasyon sila.