LEMOND /TRANBLEMAN TÈ: NAN MADI POU LEVE MÈKREDI MATEN TÈ A SOUKE PLIZYÈ FWA  NAN PEYI ESPAY

Nan lannwit madi pou leve mèkredi 27 janvye 2021 an plizyè tranbleman tè pase nan rejion Grenad nan sid peyi Espay daprè enstiti jeyografik nasyonal twa sekous ki pase yo te nan yon manyitid 4 ak 4,3 sou echèl Richter .

Nan trambleman sa yo pa gen moun ki mouri ni blese epi yo pa gen anyen ki enpòtan ki kraze men premye minis peyi an pat rete endiferan li mande pou popilasyon an kalme yo .

Pedro Sanchez te ekri sou twitter nan lannwit lan li kompran jan popilasyon an enkyè apre sa ki fini pase a men yo dwe rete kalm pandan yap swiv endikasyon sèvis sekou yo.

Angeline Michel

Kredi foto:rtbf

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …