AYITI/POLITIK:PREZIDAN DOMINIKEN AN DEKLARE LAP KONSTRI YON MI ANT AYITI AK PEYI LI AN SOU FWONTYÈ

Nan okozasyon 167 tyèm fèt endepandans sendomeng samdi 27 février 2021, Prezidan dominike M. Luis Abinader, nan lide pou l anpeche ayisyen ki pa gen papye yo ale Sendomeng.

Alòske peyi Dayiti gen yon gwo kriz politik k ap brase bil li dènye tan sa yo, prezidan dominiken an bò kote pa l, anonse ayè samdi a l ap fè moute yon mi sou fwontyè a nan sousi pou bare lawout ak ayisyen ki pa gen papye men ki vle ale Sendomeng.

Ayisyen yo, lè yo al Sendomeng, se lavi miyò yo al chache. Nan al chache byennèt lòt kote, depi yo ka pase, kesyon papye a se a dènye bagay yo ap panse. Nan nivo mizè ak ensekirite ap taye banda pa bò isit, l ap difisil anpil pou mezi prezidan dominiken an anonse a bay bon jan rezilta.

Jackson Junior Rinvil

Kredi foto :wikipedia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …