AYITI/SEKIRITE: GOUVÈNMAN AYISYEN BAY YON DAT POU  LI WÈ MACHIN FIT PAFIME SIEPANN WOULE SOU TERITWA

Premye minis Joseph Jouthe : » Tout machin tente, machin vit fime yo entèdi pou yo woule sou tout teritwa nasyonal la apati samdi 6 mas 2021″

Nan yon konferans pou Laprès premye minis Jouthe bay jounen mekrèdi a nan lokal primati a, li anonse yon ansanm mezi manm nan gouvènman an pran pou yo kapab kontrekare zak kidnapin yo nan peyi a.

« Tout machin vit tente, vit fime entèdi pou woule sou tout teritwa nasyonal la apati samdi 6 mas k ap vini la », se deklarasyon premye minis la nan mikwo nan kad konferans pou Laprès sila a.

Chèf primati a fè konnen se sèlman moun kò diplomatik yo ki kapab woule ak machin vit tente sou teritwa nasyonal la.  » Si Lapolis bezwen woule machin vit tente, se pou li mete sekirite nan peyi a », se yon jan pou premye minis lan te di menm machin Lapolis pa dwe gen vit tente.

Yon lòt kote, premye minis deklare ap gen sanksyon si otorite ki la pou sa ta kenbe yon moun k ap pase mezi sa yo anba pye.

Jackson Junior Rinvil

Kredi foto:twitter

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …