AYITI/ENSEKIRITE: FJKL DENONSE KONPÒTMAN AMATÈ OTORITE LAPOLIS YO NAN ECHÈK OPERASYON VILAJ DE DYE A .

Nan yon nòt òganizasyon dwa moun fondasyon je klere( FJKL) mete deyò jounen lendi 15 mas la , denonse konpòtman amatè otorite nan lapolis yo ki te prepare operasyon vilaj de Dye a.

Direktris egzekitiv FJKL la , Marie Yolene Gilles , kalifye operasyon sa  » operasyon amatè » ki lakoz 5 polisye mouri ak 8 lòt sòti blese anba bal bandi nan baz  » 5 segonn » pilwen defansè dwa moun lan ki mande pou fikse responsabilite chak moun nan operasyon fyasko sa epi ba yo sanksyon ki rezève pou sa.Nan menm nòt sa òganis dwa moun lan ki rekòmande ak wo eta majò lapolis la pou akonpanye polisye sa yo kite viktim nan operasyon vilaj de Dye a .

N ap siyale , otorite nan lapolis yo nan enspeksyon jeneral polis nasyonal dayiti (IGPNH), deja konvoke enspektè Carl Henry Boucher , ki te responsab dwonn enfòmatè nan operasyon vilaj de Dye pou vin bay esplikasyon sou defèt lapolis la nan vilaj de Dye.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …