AYITI/JISTIS : UNICEF FÈ KADO EKIPMAN AK MATERYÈL NAN KAD KANPAY ANREJISTRE AKDENESANS NAN PEYI DAYITI.

Ministè jistis ak sekirite piblik la (MJSP) resevwa jounen vandredi 26 mas la plizyè materyèl ak ekipman nan men Fon Nasyonzi pou Timoun (UNICEF) tankou : biwo, machin ak motosiklèt pou kapab reyalize kanpay anrejistreman akdenesans yo nan peyi Dayiti.

Minsi jistis ak sekirite piblik la mèt Rockfelleur Vincent, fè konnen ministè a resevwa plizyè biwo, twa(3) machin ak trant(30) motosiklèt, nimewo 1 MJSP a di li angajel pou ede rezoud pwoblèm akdenesans ki gen nan peyi a .

Sou bò pa li,reprezantan UNICEF la Bruno Maes, deklare materyèl ak ekipman sa yo pral kapab ranfòse biwo eta sivil yo nan fasilite tout moun ki fèt nan peyi a anrejistre jan la lwa mande sa .

Minis lan mande ak klèk yo pou byen jere materyèl sa yo ki pral nan biwo eta sivil yo epi pèmèt yo disponib pou biwo a epi itil moun ki nan bezwen yo .

« Dwa idantite se yon dwa fondamental tout moun genyen; se youn nan dwa konvensyon entènasyonal ak konstitisyon 1987 la sou dwa timoun, yo bay anpil enpòtans », deklarasyon minis jistis la, Rockfeller Vincent jounen vandredi 26 mas la.

Daprè minis jistis ak sekirite piblik la, Jovenel Moïse jan l te pwomèt sa nan kanpay li, egzije pou gouvènman an fè tout sa ki posib pou yo anrejistre tout timoun depi premye jou yo fèt la.

Pwojè pou tout moun anrejistre a ap vanse. Selon mèt Rockfeller Vincent, se gras ak volonte politik JOVENEL MOÏSE.

« M ap remèsye prezidan Jovenel Moïse ki ba nou yon gwo bourad nan batay n ap mennen pou nou anrejistre timoun yo nan kèlkeswa kote yo ye nan peyi a », minis jistis la.

Dieuva Occidor ,Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …