AYITI/ KILTI :  » ANN KOLE ZEPÒL POU PAYAN DEKOLE  » SE TÈM 29 VYÈM EDISYON RARA NAN KOMIN PAYAN .

Komin Payan ap parel pou selebre 29 vyèm edisyon rara ane sa anba tèm « Ann kole zepòl pou payan dekole » sòti 2 pou rive 4 avril 2021 an, daprè deklarasyon operatè kiltirèl Gary Mazil, ki fè konnen ane sa ap make 29 edisyon defile rara nan komin payan .

Nan kad yon entèvyou ak Echo Jounal, Gary Mazil, deklare « se pral wololoy ane sa nan komin payan ». Operatè kiltirèl la fè konnen 3 jou sa yo ap marye ak yon bann aktivite tankou : defile plis pase 45 bann rara nan aswè vandredi 2 avril 2021 an, patispasyon gwoup rasin Boukman esperyans ak kèk dyaz konpa kreyòl la ak Nass .

Pilwen Gary Mazil envite tout moun vin dekouvri bèl bagy ki gen nan rara kise youn nan eleman kiltirèl peyi Dayiti, pandan li fè konnen lapolis ak lajistis deja ekri pou pèmèt yo vin mete sekirite nan 3 gwo sware festival rara.

N ap siyale, komin payan se yon komin ki nan depatman ki gen yon sipèfisi 73, 4 kilomèt kare, yo kiltive chou,kawòt, yanm epi ki gen anviwonman tout moun anvi viv akoz jan komin lan rebwaze .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …