LEMOND/POLITIK: 2 MINIS DEMISYONE NAN GOUVÈNMAN JAIR BOLSONARO A .

Minis afè etranjè peyi Brezil la Ernesto Arujo ak minis defans lam Fernando Azevedo Silva, remèt demisyon yo jounen lendi 29 mas la nan moman prezidan Brezilyen an Jair Bolsonaro, ap resevwa gwo presyon popilè nan men opozan ak popilasyon an .

 » mwen kite ministè defans lan ak anpil konfyans kem te jwe wòl mwen » deklarasyon ansyen minis defans lan Fernando Azevedo.

Kèk èdtan aprè minis afè etranjè a Ernesto Araujo remèt demisyon li, anpil kesyon ap poze pou ki rezon 2 minis sa yo remèt demisyon yo nan moman peyi Brezil ap fè fas ak kriz maladi kowonaviris la ki deja touye twasan douz (312) mil moun pandan yon lane .

N ap siyale opozisyon fawouch pouvwa Jair Bolsonaro a, ansyen prezidan Lula, nan kad yon entèvyou ak jounal alman « Del Spielg  » te fè konnen se move jesyon Jair Bolsonaro, ki lakoz tout moun sa yo mouri ak maladi a.

Dieuva Occidor

Kredi foto:wikipedia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …