AYITI/SEKIRITE : « POLISYE UDMO JEAN DANIEL MICHEL MOURI NAN PIYAJ UNIVERSAL MOTORS  » DEKLARASYON ENSPEKTRIS DIVIZYONÈ MARIE MICHELLE VERRIER.

Pòt pawòl an aprè polis nasyonal Dayiti enspektris divizyonè Marie Michelle Verrier, nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi 31 mas la 2021 an, fè konnen polisye UDMO Jean Daniel Michel kite mouri ak bal 17 mas pase a se nan piye Universal Motors la .

Enspektris la esplike nan bon jan enfòmasyon lapolis la genyen rive kenbe premye eleman enfòmasyon kite pibliye sou paj facebook enstitisyon an , pandan li presize lapolis pa rekonèt okenn lòt nòt sou lanmò polisye Jean Daniel Michel .

Yon lòt bò, pòt pawòl an aprè polis la fè konnen selon enfòmasyon lapolis dispoze polisye SWAT, Lucdor Pierre, pa ta vivan toujou nan vilaj de Dye parapò ak enfòmasyon ki fè kwè polisye a ap fè travay pou baz « 5 segond  » nan vilaj de Dye , se pandan li bay garanti wo kòmandman pral chache kò polisye yo kite mouri nan operasyon vandredi 12 mas la nan vilaj de Dye.

Enspektris Marie Michelle Verrier, di pagen okenn lòt kò ki kreye anndan lapolis la ki rele « All Black » jan enfòmasyon an ta vle fè kwèl la .

Dieuva Occidor Echo Jounal .

Kredi foto:you tube

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …